1 / 26

Mas 2009

Pawwòl Lavi a. Mas 2009. « Tou sa n-ap mande Papa-a sou non mwen, l-ap ba nou li » (Jn 16,23).

alesia
Télécharger la présentation

Mas 2009

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawwòl Lavi a Mas 2009

  2. « Tou sa n-ap mande Papa-a sou non mwen, l-ap ba nou li » (Jn 16,23).

  3. Sa w kapab wè ki pi sòt sou fas tè a se, yon bò yon pakèt moun ki pèdi yo, k-ap chache tout kote, ki gen kè sere devan tout eprèv ki kapab rive nan lavi yo, ki bezwen moun pou ede yo epi ki gen santiman se òfelen yo ye, epi lòt bò a, Bondye ki se Papa tout moun, li menm ki vle avèktout pwisans li a fè kè pitit li yo kontan epi ba yo chak sa yo bezwen.

  4. Se tankou si sa k vid la epi sa k plen an t-ap youn chache lòt san yo pa janm rive jwenn.

  5. Sèke libète lezòm kapab fè sa tou. Men Bondye se toujou Renmen li ye pou moun k-ap rekònèt li yo. Koute sa Jezi di a :

  6. « Tou sa n-ap mande Papa-a sou non mwen, l-ap ba nou li » (Jn 16,23).

  7. Men youn nan pawòl ki plen ak pwomès nou kapab li nan levanjil la kote Jezi di nou nan divès fason kijan nou kapab jwenn sa nou bezwen yo.

  8. Se Bondye sèl ki kapab pale konsa. Pwisans li a pa gen limit. Tout favè yo nan men li : ni sa k pou kò a ni sa k pou lespri an, sa k posib yo ak sa k pa posib yo.

  9. Men koute byen. Li di w « kijan » ou dwe parèt devan Papa a pou w mande l kichòy: « sou non mwen ». Si w te gen yon ti grenn lafwa, twa pawòl sa yo ta dwe ba w zèl.

  10. Gade. Jezi ki te viv nan pami nou li konnen byen kokenn chenn bezwen w genyen epi kè l sere pou nou. Se poutèt sa li ofri tèt li nan lapriyè a. Se tankou si li ta di w:

  11. “ Se pou w ale kot Papa a sou non mwen epi mande l tèl bagay, tèl bagay, tèl bagay”. Li konnen Papa l pa kapab di l non. Se pitit li epi se Bondye li ye.

  12. Se pa sou pwòp non pa w w-ap ale kot Papa a, men sou non Kris la. Lè w-ap ale kot Papa a sou non Kris la, se sèlman yon anbasadè w ye. Diskisyon yo se ant de moun ki enterese ladan-l yo li fèt.

  13. Se konsa anpil kretyen yo konn lapriyè. Yo ta papab temwen anpil favè yo te resevwa k-ap montre Bondye Papa t-ap veye sou yo avèk anpil atansyon ak anpil renmen.

  14. « Tou sa n-ap mande Papa-a sou non mwen, l-ap ba nou li » (Jn 16,23).

  15. Kounye a w kapab di m konsa : «  Mwen te mande, mwen te mande sou non Kris la men mwen pa-t jwenn ».

  16. Sa kapab. Men mwen te di w anvan, Jezi envite nou mande lòt kote nan levanjil la epi li bay lòt esplikasyon. Petèt ou pa-t wè yo.

  17. Li di, pa egzanp, pou w kapab jwenn, ou bezwen « rete » nan li menm, sa vle di nan volonte pa-l.

  18. Petèt ou te mande kichòy ki pa t rantre nan sa Bondye vle pou w epi Bondye te wè li pa itil pou w nan lavi w-ap mennen sou tè a oubyen nan lòt la ou byen li panse sa kapab yon danje pou w.

  19. Kijan li menm, ki se yon papa pou w, ta kapab ba w sa w-ap mande-l lè sa a? Li ta twonpe w. Sa li pap janm kapab fè l.

  20. Kidonk, li ta itil anvan w-ap lapriyè, pou w mete tèt ou dakò avè l konsa: “Papa, mwen ta renmen mande w tèl bagay sou non Jezi si w kwè li kapab bon pou mwen”.

  21. Si favè w-ap mande a li mache byen avèk plan Bondye genyen pou w nan renmen li an, pawòl la va reyalize: « Tou sa n-ap mande Papa-a sou non mwen, l-ap ba nou li » (Jn 16,23).

  22. Li ka rive tou w-ap mande yon favè epi w pa vle menm menm mete lavi w dakò avèk sa Bondye mande w fè. Eske w kwè lè sa a, li ta kòrèk pou Bondye ba w sa w-ap mande-l la?

  23. Sa li vle se pa sèlman pou l fè w yon kado men pou l fè kè w kontan nèt ale. Kè kontan sa a, ou kapab jwenn li nan fason w-ap chache viv komandman Bondye yo, pawòl li yo. Se pa kont pou w kenbe yo nan tèt ou sèlman oubyen pou w kalkile yo, men se viv ou bezwen viv yo. Si w-ap fè konsa, ou va jwenn tou sa w bezwen.

  24. Finalman : ou vle jwenn yon favè? Mande nenpòt bagay sou non Kris la antan w-ap mete nan premye plas volonte Bondye a avèk desizyon pou w akonpli lalwa Bondye a.

  25. Bondye li menm li byen kontan ban nou anpil favè. Men pi fò nan tan yo se nou menm menm k-ap fèmen men li yo.

  26. « Tou sa n-ap mande Papa-a sou non mwen, l-ap ba nou li ». “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari. Testo di: Chiara Lubich, novembre 1978.Grafica di Anna Lollo incollaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)

More Related