1 / 24

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Avril 2009. « Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive » (Mt 24,42).

jalene
Télécharger la présentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Avril 2009

  2. « Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive » (Mt 24,42).

  3. Eske w te reyalize kijan ou pa konn viv lavi pa w men ou toujou ap rale l dèyè w paske w-ap tann yon bagay k-ap vini « apre », kote w ta dwe jwenn yon bagay ki « bèl »? Sèke genyen yon « apre ki bèl » k-ap vini. Men se pa sila w-ap tann nan. Genyen yon kichòy Bondye te mete nan kè w k-ap fè w toujou ap tann yon moun oubyen yon bagay ki kapab fè kè w kontan.

  4. Petèt ou ka sonje yon fèt, yon bon ti tan, yon rankont espesyal… Men apre sa, kè w pa kontan ankò oubyen li pa kontan nèt ale. Epi konsa w-ap kontinye piti piti viv san ou pa konnen kote pou w ale, ou toujou ap tann.

  5. Anverite, nan tout sa ki kapab rive nan lavi w, gen yon bagay pyès moun pa kapab chape anba li, se rankont bab pou bab ak Bondye k-ap vini an. Men sa-k « bèl »w-ap chache san w pa konnen, paske w fèt pou w viv nan kè kontan. Epi kè kontan nèt ale sa a se li menm sèl ki kapab ba w li. Jezi, paske li konnen kijan, mwen menm avèk ou menm, se avèg nou ye nan chache n ap chache li a, li di nou konsa:

  6. « Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive » (Mt 24,42).

  7. Se pou nou rete ap veye. Se pou nou veyatif. Paske nan pami yon pakèt bagay ou pa kapab sèten sou tè a, gen youn ou pa kapab doute sèke yon jou w va mouri. Pou kretyen an sa vle di parèt devan Kris k-ap vini an.

  8. Sa kapab vini deske w menm tou ou nan pami moun k-ap fè tout sa yo kapab pou yo bliye lanmò a. Ou pè moman sa a epi w-ap viv tankou si li pa ta egziste. W-ap di sa nan fason w-ap chouke byen chouke rasin ou yo nan tè a : lanmò a fè w pè kidonk li pa egziste. Okontrè lè sa a va vini paske Kris la va vini ou mèt sèten.

  9. « Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive » (Mt 24,42).

  10. Ak pawòl sa yo Jezi vle di nou li va vini nan dènye jou. Menm jan li te monte nan syèl la sot nan mitan apòt li yo, menm jan tou li va tounen. Men pawòl sa yo vle di tou Granmèt la va vini nan finisman lavi chak moun. Lè yon moun mouri, sa k sou tè a tou li finipou moun sa a.

  11. Depi w pa konnen si Kris la vini jodi a, aswè a, demen, aprè yon lane oubyen pi plis ankò, ou bezwen veye. Tankou moun k-ap rete ap veye paske yo konnen volè yo kapab vini pou yo devalize lakay yo men yo pa konnen ki lè sa a.

  12. Si Jezi gen pou l vini, sa vle di lavi sa va pase. Si se konsa, ou pa dwe gade lavi a tankou yon bagay ki pa gen valè men ou dwe ba li tout konsiderasyon pa w. Ou dwe pare tèt ou pou rankont sa ak yon bon jan lavi.

  13. « Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive » (Mt 24,42).

  14. Tout bon vre ou menm tou ou bezwen veye. Lavi pa w se pa sèlman yon seri zak k-ap pase konsa konsa, men se yon konba. Genyen yon pakèt bagay k-ap eseye w tankou sèks la, pretansyon an, lajan an, vyolans lan ki se prensipal lenmi w yo.

  15. Si w-ap veye toujou, ou pap janm kite yo siprann ou. Men moun ki renmen yo, yo veye, paske veye se yon siy renmen. Lè w renmen yon moun, kè w toujou ap tann li epi chak ti moman k-ap pase san li pa la, se pou li menm li ye.

  16. Se konsa yon madanm li damou pou mari li etan l-ap travay pou l prepare kichòy pou sila ki pa la. Tout sa l-ap fè a se pou li menm l-ap fè l. Lè li tounen, nan fason l-ap salwe li ak anpil renmen, se tout travay lajounen an k-ap pale.

  17. Se konsa yon manman ap fè lè l-ap fè yon ti poze bò kote pitit li ki malad la. L-ap dòmi men kè l ap veye.

  18. Se konsa tou moun ki renmen Jezi konn fè. L-ap fè tout bagay pou sila li rankontre nan tout ti sikonstans lavi li k-ap di l kisa l-ap tann nan men li epi li va jwenn li tou nan gwo rankont jou li va vini an.

  19. Se te nan 3 novanm 1974. Nan sid peyi Brezil, nan Santa Maria, te gen yon rankont pou 250 jèn kretyen yo. Pi fò nan yo t-ap soti nan vil Pelotas.

  20. Premye bis pati avèk 45 moun: anpil chante, anpil kè kontan, anpil renmen pou Jezi. Yon lè kèk jèn fi kómanse di chaplè sou mitè soufrans lan etan yo t-ap mande Manman Mari pou yo ret fidèl Bondye jous yo mouri.

  21. Nan yon viray, poutèt yon pwoblèm mekanik, bis la woule twa fwa tonbe nan yon ravin 50 mèt. Gen 6 jèn fi ki mouri. Youn ki chape anba lanmò di konsa: “ Mwen te wè lanmò a tou pwòch men kè m p-at sote paske Bondye te la”.

  22. Yon lòt: “Lè m te wè mwen pa t kapab deplase, nan mitan debri yo, mwen te gade syèl la ki te plen zetwal epi mwen te lapriyè ajenou nan mitan kò konpay mwen yo. Bondye te la toupre nou…” . Papa Carmen Regina, youn nan viktim yo, te konte pitit fi li te di l anpil fwa: “Mouri se yon bèl bagay, papa, paske nou va rete ansanm ak Jezi”.

  23. « Se pou nou rete ap veye, paske nou pa konnen ki jou Granmèt nou an ap rive » (Mt 24,42).

  24. Jèn Pelotas yo, paske yo te renmen, yo te veye, lè Granmèt la te vini yo te ale rankontre li ak kè kontan. “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari. Testo di: Chiara Lubich, dicembre 1978.Grafica di Anna Lollo incollaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)

More Related