1 / 20

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Oktòb 2009. « Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19). « Pèseverans ». Se konsa yo tradwi pawòl sa yo te ekri an grèk epi ki montre yon moun gen pasyans, li kenbe, li lite, li gen konfyans.

nida
Télécharger la présentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Oktòb 2009

  2. « Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19).

  3. « Pèseverans ». Se konsa yo tradwi pawòl sa yo te ekri an grèk epi ki montre yon moun gen pasyans, li kenbe, li lite, li gen konfyans.

  4. Pèseverans lan li nesesè, li obligatwa lè yon moun soufri, lè yo eseye l, lè li gen tandans pou l dekouraje, lè li santi vye bagay lemonn atire l, lè yo fè l pase tray.

  5. Petèt ou menm tou w te pase anba omwen youn nan sityasyon sa yo epi w te santi si w pat gen pèseverans ou te kapab tonbe. Petèt kèk fwa w te lage. Oubyen petèt koulye a w nan youn nan sityasyon difisil sa yo.

  6. Enben, kisa pou w fè? Se pou w rekòmanse epi… kenbe. Otreman ou pa kapab di se kretyen ou ye.

  7. Ou konnen : moun ki vle swiv Jezi, li bezwen pran lakwa li chak jou, li bezwen renmen soufrans lan omwen nan volonte li a. Vokasyon kretyen an se yon vokasyon pou l kenbe.

  8. Apòt Pòl te montre kòminote li a pèseverans lan se te siy yon kretyen tout bon vre. Li mete l sou menm pye ak mirak yo.

  9. Si wap renmen lakwa epi si wap kenbe, wap swiv Kris ki nan syèl la epi wap sove lavi w.

  10. « Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou »(Lk 21,19).

  11. Gen de kalite moun : moun kap tande envitasyon pou yo vin kretyen tout bon vre men envitasyon sa tonbe sou wòch la. Yo byen cho, tankou yon dife ki pase nan raje, epi pa gen anyen ki rete.

  12. Dezyèm nan okontrè resevwa envitasyon tankou yon bon jan teren kap resevwa semans lan. Epi lavi kretyen yo jèmen, li grandi, li depase difikilte yo, li kenbe anba tanpèt yo. Yo genyen pèseverans epi… « Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou. »  

  13. Men si w vle kenbe se pa kont pou w chita sou pwòp fòs ou yo. Ou bezwen pou Bondye ede w. Pòl di Bondye se « Bondye ki bay pèseverans ”. Se li menm ou bezwen mande kado sa epi li va ba w li.

  14. Paske si se kretyen ou ye, se pa kont pou w batize, pou w fè kèk ti lapriyè, oubyen pou w fè lacharite de tanzantan. Ou bezwen grandi tankou kretyen. Epi grandi sa nan lespri a li pa ka rive si se pa nan mitan eprèv yo, soufrans yo, baryè yo, konba yo.

  15. Gen moun ki konn kenbe, se moun ki renmen. Renmen an pa wè baryè yo, difikilte yo, sakrifis yo. Pèseverans lan se renmen ki pase anba eprèv yo. Manman Mari te konn kenbe.

  16. Mande Bondye pou l limen renmen pou li nan kè w epi pèseverans devan tout difikilte lavi yo a va vini epi konsa w va sove lavi w.

  17. « Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19).

  18. Men gen yon lòt bagay anplis. Pèseverans lan se yon bagay ki atrapan. Yon moun ki gen pèseverans bay lòt yo kouraj pou yo ale jous nan bout nèt. Ann gade anlè a.

  19. Se yon sèl grenn lavi nou genyen epi li byen kout. Ann sere dan nou jou apre jou, ann pran difikilte yo youn apre lòt pou n swiv Jezi… epi nou va sove lavi nou.

  20. « Se nan pèseverans nou nap sove lavi nou » (Lk 21,19). “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari. Testo di Chiara Lubich, Giugno 1979Grafica di Anna Lollo incollaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)

More Related