1 / 15

Fason pou kreye lekòl ki akeyan

Fason pou kreye lekòl ki akeyan. Estanda 3 nan estanda sou patenary a a. “welcome”. wel·come ( wlkm ) adj. 1. Received with pleasure and hospitality into one's company or home: a welcome guest. 2. Giving pleasure or satisfaction; agreeable or gratifying: a welcome respite from hard work.

ziarre
Télécharger la présentation

Fason pou kreye lekòl ki akeyan

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Fason pou kreye lekòl ki akeyan Estanda 3 nan estanda sou patenarya a

  2. “welcome” wel·come (wlkm) adj.1. Received with pleasure and hospitality into one's company or home: a welcome guest. 2. Giving pleasure or satisfaction; agreeable or gratifying: a welcome respite from hard work. 3. Cordially or willingly permitted or invited: You are welcome to join us. 4. Used in the expression you're welcome to acknowledge an expression of gratitude.

  3. “akeyan” • adjektif • Si yon moun akeyan oubyen si yo aji yon fason ki rale moun vin sou yo, yo janti avè w lè w parèt yon kote, kon sa w ap santi kè w kontan epi yo resevwa w byen resevwa.

  4. Nan ki pwen lekòl ou a atire moun vin ladan ?”

  5. Ann kòmanse ak jan kote a sanble… • Èske tout bagay byen make nan antre a? Èske sa ki make a akèyan? • Èske ansèy ki la pou akeyi moun nan pre antre a? Èske gen plis pase yon ansèy? • Èske lekòl la gen yon lis non moun ak nimewo biwo kote yo ye a? • Èske gen pankad ki gen bèl pawòl epi ki make byen klè ki kote pou moun ki vin vizite lekòl la ale pou yo anrejistre non yo epi pou yo jwenn yon lese pase pou yo antre nan lekòl la? • Èske foto, pankad ak espozisyon yo fè sou mi lekòl yo montre kouman lekòl la gen tout kalite elèv ladan?

  6. Ki règleman ki la pou tout lekòl la? • Kouman aktivite pou prepare ouvèti lekòl la ankouraje patisipasyon paran yo? • Konbyen fwa pwofesè yo rele paran elèv nan kòmansman ane lekòl la pou envite yo nan yon aktivite lekòl la oubyen pou pataje yon bon nouvèl avè yo? • Èske yo rele paran yo menm yon fwa? • Èske yo bay paran posiblite pou yo vin travay nan lekòl la kòm volontè?

  7. Èske youn kominike ak lòt? • Èske anplwaye lekòl yo souri epi yo byen janti lè y ap resevwa vizitè ki vin nan lekòl la? • Èske yo pran ka moun tousuit lè yo rele nan telefòn oubyen lè yo kite yon mesaj? • Le moun ap pase nan koulwa lekòl la èske anplwaye yo ofri pou ede yo?

  8. Èske gen materyèl ekri pou kominike ak paran? • Kouman yo akeyi nouvo elèv ak nouvo paran nan lekòl la? • Èske paran fasil jwenn moun pou pale avè yo lè yo telefone lekòl la? • Kouman lekòl la remèsye paran ak lòt moun nan kominote a ki vin travay kòm volontè nan lekòl la? • Konbyen fwa lekòl la prepare yon ti jounal pou bay paran enfòmasyon so sa k ap pase nan lekòl la regilyèman?

  9. Se “ti jès” lekòl la fè ki enpòtan epi gen “gran jès” ki enpòtan tou..

  10. Èske gen yon sal nan lekòl la kote paran kab antre soti jan yo vle, yon kote yo kab kominike ak anplwaye lekòl la, epi yo kab pran pa nan anseyman pitit yo?

  11. Kreye yon Sant familyal nan lekòl la • Chwazi yon kote espesyal nan lekòl la • Paran, anplwaye lekòl, ak moun ki ret nan kominote a kab vin ladan alèz. • Sa ap fasilite relasyon ant anplwaye lekòl ak paran • Objektif la se pou jwenn plis resous, òganize rankont, epi planifye pwogram pou kore jan timoun yo ap aprann epi montre yo ladrès sosyal yo (Henderson, Mapp, Johnson, & Davies, 2007)

  12. Sant familyal Se yon bèl kote pou paran, anplwaye lekòl la, ak elèv yo vin rankontre ansanm epi li la pou bay elèv plis chans pou fè: • Echanj liv/sèvi ak òdinatè/prete liv • Atelye sou tout on seri sijè (paregzanp, Manman estanda yo, fason pou kontwole konpòtman elèv) Ak tout yon seri lòt aktivite…..

  13. “Dejene” espesyal oubyen dejene regilye ak tout yon seri moun tankou: • Direktè lekòl la • Pwofesè ki anseye matyè espesyal yo • Moun nan kominote a, responsab pwogram alfabetizasyon pou granmoun • Pwogram ESL (Pou elèv k ap aprann Angle) • Pwogram konseye/pwogram ki bay leson Ak tout yon seri lòt aktivite…..

  14. Akeyan….. • Lè ou ouvè de bra w pou akeyi yon moun sa ankouraje l kolabore ansanm avè w, epi se kolaborasyon ant paran ak lekòl yo ki va pote anpil bon bagay pou elèv nou yo • Ann kòmanse akeyi tout moun…

More Related