1 / 11

Byenveni nan Reyinyon Jadendanfan 2013

Byenveni nan Reyinyon Jadendanfan 2013. Pwogram Eta a ak Federal yo Remèsiman espesyal pou Lekòl Elemantè OA Peterson Fort Worth, Texas pou enfòmasyon ak ide yo sou PowerPoint. Enskripsyon. Ranpli papye nesesè ki obligatwa pou lekòl ou a.

suchi
Télécharger la présentation

Byenveni nan Reyinyon Jadendanfan 2013

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Byenveni nan Reyinyon Jadendanfan 2013 Pwogram Eta a ak Federal yo Remèsiman espesyal pou Lekòl Elemantè OA Peterson Fort Worth, Texas pou enfòmasyon ak ide yo sou PowerPoint

  2. Enskripsyon • Ranpli papye nesesè ki obligatwa pou lekòl ou a. • Familyarize w ak tout ofis la ak estaf yo yon fason pou w santi w alèz nan kominikasyon w. • Chèche konn non “language facilitator”a, konseye akademik la, kowòdinatè(tris)/lyezon ant paran ak direksyon an. • Mande yon kalandriye ane akademik la.

  3. Pratike ak Pitit ou Lakay • Bon jan abilte pou: dekoupe, kolore, lase, kenbe kreyon • Konte objè • Klasman, envansyon ak idantifikasyon fòm/sekans • Idantifikasyon alfabèt ak son yo • Kontwole bezwen twalèt • Boutonnen pantalon poukont ou, chemiz, manto, lase soulye, ak zipe ak dezipe • Idantifye ak ekri tout non yo adrès, nimewo telefòn, ak dat nesans • Fè lekti ak pitit ou chak swa • Prensip nan lekòl la, tankou prensip ki tabli lakay • Bon jan atansyon, san entèripsyon, pataj, ak bòn manyè

  4. Adaptasyon ak Premye Jou yo nan Jadendanfan • Kòmanse Lekòl, Eksitan: • Achte yon sak lekòl tounèf, bwat manje midi, oswa soulye lekòl ansanm epi fè sa yon gwo zafè! Yo se GWO gason ak fi kounye a! • Enkli yo nan kèk desizyon pou ba yo responsablite lè yo prale lekòl tankou chwazi vètman y ap mete chak jou.

  5. Adaptasyon ak Premye Jou yo nan Jadendanfan • Di Orevwa • Fè orevwa w yo avèk jwa epi brèf. • Evite retounen nan klas la apre w te fi n di orevwa. • Kèk timoun reponn byen ak yon rityèl planifye (egzanp: 2 akolad ak yon dwèt pous anlè). • “Orevwa byen rapid pa kite tristès!”

  6. AdaptasyonakPremyeJouyonanJadendanfan • Repons nan ka Detrès/lè gen Kriye: • Pa refoule perèz oswa detrès timoun nan. • Demere pozitif ke w ap wè l ankò nan fen jounen lekòl la. • Fè yo sonje kòman yo pral fè nouvo zanmi, jwe nan rekreyasyon, etsetera. • Rakonte yo sa w pral fè pandan yo lekòl; nan travay, achte nan episri, etsetera. • Pa kite yo wè w tris , timoun tout laj santi lè granmoun tris, enkyè oswa fache.

  7. AnkourajmanLakaypouAdapteakLekòl • Gwo Bilding, Anpil timoun: • Gen kèk timoun ki eksprime enkyetid sou sa yo pa konnen tankou, yon nouvo anviwònman ak fè nouvo zanmi. • Ankourajman lakay: “Ou gen anpil chans w ale nan yon lekòl tounèf. Ki moun ou rankontre? Ou te wè frè w oswa sè nan koridò a?”

  8. AnkourajmanLakaypouAdapteakLekòl • Ede pitit ou a ekri yon lèt oswa fè yon pòtre pou pwofesè li. • Revize regleman lekòl la ak klas la lakay ak pitit ou a, mete yo alèz pou poze kesyon. • Pale ak pitit ou a sou nenpòt kesyon li genyen. Si se nesesè, prezante yo bay pwofesè a oswa konseye akademik la. Nou isit pou n ede!

  9. Ankourajman Lakay pou Adapte ak Lekòl • Planifye yon dat pou jwe – idantifye you nouvo zanmi pitit ou a, chèche konn fanmi l ansuit planifye kèk lè pou jwe. • Fè jwèt site non – fè pitit ou a fè kèk pòtre ansuit ekri non moun yo konnen nan lekòl la. • Fè yon livrè “Tout sa-Lekòl-Ye” – konsènan pati yo pi renmen chak jou y ale lekòl. • Trase yon Kat Soti Lakay-pou-Ale Lekòl – fè yon feyè sou jan y ale lekòl. Sa kapab yon pwojè amizan ak fanmi an!

  10. Akademik ak Kourikoulòm • Familyarize ak kourikoulòm Jadendanfan an ak sa y ap atann nanmen pitit ou a nan fen ane a. • Pratike aswè ak nan fen semèn yo pou ranfòse sa yo te aprann lekòl la. • Yo devlope anpil akademikman ak sosyalman nan espas yon sèl ane!

  11. Akademik ak Kourikoulòm • Yon bon liv kòm Kado: • Eseye fè lekti ak pitit ou chak jou! • Liv ede devlope vokabilè timoun yo, aprann konsèp materyèl enpriman, devlope abilte pou konsantrasyon, epi pran plezi nan lekti! • Apre w fin li yon liv – pale de karaktè yo, pati yo pi renmen yo, nouvo mo yo te aprann ak lòt mo yo te deja konnen! • Fè w yon modèl, kite yo obsève w k ap li. • Sèvi avèk ide ki soti nan lis liv lekòl yo! 

More Related