1 / 22

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Desanm 2009. « Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo kap wè sa nou fè ki bon, pou yo fè lwanj pou Papa nou nan syèl la » (Mt 5,16).

brigit
Télécharger la présentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Desanm 2009

  2. « Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo kap wè sa nou fè ki bon, pou yo fè lwanj pou Papa nou nan syèl la »(Mt 5,16).

  3. Limyè a parèt nan « sa nou fè ki bon ». Lap klere nan sa kretyen yo fè ki bon.

  4. Men ou kapab di m : se pa sèlman kretyen yo kap fè bagay ki bon. Gen lòt moun tou kap ede pou bagay yo vin pi bon, kap bati kay, kap goumen pou jistis la rive…

  5. Ou gen rezon. Men si yon kretyen kapab fè epi si li dwe fè tout bagay sa yo, se pa sa kap fè l kretyen vre. Li bezwen fè « sa ki bon » avèk yon lespri ki nouvo, yon lespri kap fè se Kris la kap viv nan li menm, se pa li menm sèl.

  6. Sèke levanjil la pa vle di pou moun yo fè sa ki bon de tanzantan konsa (vizite moun ki nan prizon, bay moun ki toutouni rad, oubyen tout kalite bon bagay moun yo kapab fè pou ede lòt yo nan sosyete jodi a) men li vle di pou kretyen an fè sa Bondye vle nèt ale dekwa pou tout lavi li tounen yon bagay ki bon.

  7. Si kretyen an konn fè konsa, lap vin « klè » epi konpliman yo va fèt pou sa l lap fè yo, men se pa li menm menm yap jwenn, se Kris la kap viv nan li menm epi Bondye, pa lentèmedyè li, va prezan sou tè a. Sa kretyen bezwen fè se kite limyè a parèt nan li menm pou l kapab vin yon « siy » prezans Bondye nan mitan moun yo.

  8. « Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo kap wè sa nou fè ki bon, pou yo fè lwanj pou Papa nou nan syèl la » (Mt 5,16).

  9. Si sa yon moun fè ki bon kapab fè Bondye prezan, kominote kretyen yo genyen menm wòl nan mitan sosyete a : montre nan lavi li prezans Bondye ki la kote de oubyen twa moun rasanble sou non l, prezans sa Jezi te promèt Legliz li a jous nan finisman tan yo.

  10. Legliz ki te nan kòmansman te bay pawòl Jezi sa yo anpil konsékans. Sitou nan tan difisil yo, lè moun yo tap di tout kalite bagay sou kretyen yo Legliz la tap ankouraje yo pou yo pat reyaji avèk britalite. Fason yo tap konpòte te kapab pi bon fason pou yo montre sa moun yo te konn di sou kont yo pat vre.

  11. Nou kapab li nan lèt Tit la : « Se pou n ensiste kot jèn jan yo pou yo kenbe tèt yo. Nan tout sikonstans, se pou w prezante tèt ou kòm egzanp nan bonjan kondwit pa w, avèk yon lansèyman ki san defo, ki serye, yon pawòl ki kòrèk, san l pa gen anyen pou yo repwoche l. Konsa, lenmi an pap jwenn anyen ki mal pou l di kont nou. »

  12. « Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo kap wè sa nou fè ki bon, pou yo fè lwanj pou Papa nou nan syèl la » (Mt 5,16).

  13. Se lavi kretyen konn viv ki pi bon limyè jodi a tou pou pote moun yo kot Bondye. Kite m ba w ton ti istwa.

  14. Antonyèta te fèt nan Sadeny, men pou l kapab travay, li te ale Grenòb, nan peyi Lafrans.

  15. Li tap travay nan yon biwo kote moun yo pat two cho pou yo travay. Paske se kretyen li te ye, li te konn wè nan chak moun Jezi li te kapab ede. Li te ede tout moun epi li te toujou trankil epi li tap souri.

  16. Detanzantan gen moun ki fache, li pran rele epi li vide kè l sou li antan lap manke l dega: « Depi w vle travay, se pou w ekri travay sa pou mwen! »

  17. Li pe bouch li epi li kontinye travay. Li konnen moun sa yo yo pa mechan. Chak moun gen tèt chaje pa yo.

  18. Yon jou, reskonsab biwo a ale bò kote l antan lòt yo pa la epi li di l konsa « Koulye a w bezwen di m kijan ou fè pou pa janm pèdi pasians epi pou souri toutan ». Antonyèta chèche evite kesyon an nan di konsa: « Mwen chèche rete trankil epi pran bon kote ki nan bagay yo ».

  19. Reskonsab biwo a bay yon kout pwen sou tab la epi li di konsa: « Non, Bondye ladan sèten, otreman se pa posib! Poutan mwen pat kwè nan Bondye! ».

  20. Apre kèk jou, yo rele Antonyèta nan direksyon an. Yo di li yap voye l nan yon lòt biwo « pou l kapab chanje l menm jan li te fè kote li te ye a ».

  21. « Se konsa pou limyè nou klere devan moun yo, pou yo kap wè sa nou fè ki bon, pou yo fè lwanj pou Papa nou nan syèl la » (Mt 5,16).

  22. “Pawòl Lavi a”, se yondokiman mouvman fokolari yo voye chak mwa. Dokiman sa Kyara Libik te ekri li nan mwa out 1979.Imaj yo, Anna Lollo ansanm avèk Pè Placido D’Omina (Sisil - Itali) Yo tradwi Pawòl Lavi a nan 96 lang ak idyòm, epi li rive jwenn kèk milyon moun tout kote sou tè a pa lentèmedyè enprimri, radyo TV epi internèt – pou pran enfòmasyon www.focolare.org Yo tradwi PPS la nan divès lang epi yo pibliye l sou www.santuariosancalogero.org

More Related