1 / 18

Pawòl Lavi a

Pawòl Lavi a. Novanm 2009. « Li pi fasil pou yon chamo antre nan yon twou zegwi pase pou yon rich antre nan rèy Bondye a » (Mt 19,24). Eske Pawòl sa fè w sezi?

lumina
Télécharger la présentation

Pawòl Lavi a

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pawòl Lavi a Novanm 2009

  2. « Li pi fasil pou yon chamo antre nan yon twou zegwi pase pou yon rich antre nan rèy Bondye a » (Mt 19,24).

  3. Eske Pawòl sa fè w sezi? Ou gen rezon rete nan dout epi panse kisa w bezwen fè. Jezi pat di anyen konsa konsa. Ou bezwen pran pawòl sa oserye, san ou pa chèche fè l pèdi fòs li a.

  4. Men an nou chèche vre sans li nan men Jezi li menm menm, dapre fason li te konn konpote avèk moun ki rich yo paske li te konn frekante moun ki te alèz yo tou. Li di Zache, ki te bay sèlman mwatye nan sa l te genyen : delivrans lan antre nan kay sa a.

  5. Nan Travay Apòt yo tou, yo di nan premye Legliz la moun yo te lib pou yo mete ansanm sa yo te gen an epi yo pat oblije lage sa yo te genyen an.

  6. Jezi pat genyen nan lide li pou l fòmen yon kòminote ak moun ki tap kite tout richès yo sèlman.

  7. Poutan li di konsa:« Li pi fasil pou yon chamo antre nan yon twou zegwi pase pou yon rich antre nan rèy Bondye a. »

  8. Kisa Jezi vle kondane lè sa ? Se pa byen latè yo nan yo menm, men moun ki rich epi ki gen atachman pou yo. Pou kisa? Sa parèt aklè : tout bagay yo se pou Bondye yo ye epi rich la li konpòte tankou si se te pou li menm sèl.

  9. Nou konnen richès yo pran plas Bondye nan kè moun yo fasil epi yo fè moun yo vin avèg epi yo kondwi yo nan tout kalite vis.

  10. Apòt Pòl te ekri : « Moun kap chèche vin rich, yo tonbe nan anpil lokasyon bite, nan pyèj, nan anpil anvi ki deregle, ki nwisib, bagay kap plonje yo nan lanmò, pou fè yo disparèt. Rasin tout malè, se renmen lajan. Moun ki kite anvi sa a pran tèt yo, yo pèdi chemen lafwa a, yo jwenn anpil soufrans ki travèse yo ».

  11. Platon te gentan di deja: « Li pa posib pou yon moun debyen anpil li rich anpil tou ».

  12. Kijan moun ki genyen an dwe konpòte? Li bezwen pou kè l lib, pou li louvri sou Bondye nèt ale, pou l santi li jeran sa li genyen an epi li konnen li gen yon ipotèk sou li pou sosyete a, tankou Janpòl II te di an.

  13. Byen latè yo se pa bagay ki pa bon nan yo menm, nou pa bezwen meprize yo , men fòk nou konn sèvi byen ak yo.

  14. Se pa si tèlman men an, men se kè a ki dwe rete lwen yo. Nou bezwen konnen kijan pou n sèvi avèk yo pou sèvis lòt yo. Moun ki rich la se pou lòt yo li rich.

  15. « Li pi fasil pou yon chamo antre nan yon twou zegwi pase pou yon rich antre nan rèy Bondye a. »

  16. Petèt ou kapab di: mwen pa rich menm se poutèt sa pawòl sa yo se pa pou mwen yo ye. Atansyon. Gade keksyon patizan yo, sezi, yo te fè Jezi touswit apre li te di sa : « Ki moun ki kapab sove? ». Sa vle di aklè pawòl sa yo se yon ti kras pou tout moun yo ye.

  17. Menm yon moun ki te kite tout bagay pou l swiv Jezi kè li kapab mare ak yon pakèt bagay. Menm pòv la kap joure moun kap manye sak li a, li kapab rich devan Bondye.

  18. « Li pi fasil pou yon chamo antre nan yon twou zegwi pase pou yon rich antre nan rèy Bondye a. » “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari. Testo di: Chiara Lubich, luglio 1979.Grafica di Anna Lollo incollaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)

More Related