1 / 21

Pwogram Tit I pou Fanmi

Pwogram Tit I pou Fanmi. Objektif reyinyon an. Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l Plan/règleman sou patisipasyon fanmi

uzuri
Télécharger la présentation

Pwogram Tit I pou Fanmi

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pwogram Tit I pouFanmi

  2. Objektif reyinyon an • Dapre dekrè 2001 Lwa Okenn timoun pa dwe rete deyè a (No Child Left Behind), yo egzije pou lekòl yo fè yon reyinyon anyèl pou eksplike epi diskite: • Pwogram Tit I ak egzijans li yo ki gen ladan l • Plan/règleman sou patisipasyon fanmi • Kontra ant lekòl-paran • Dwa paran pou konnen • Sipò adisyonèl • Kolaborasyon ant lekòl ak paran • Kaye enfòmasyon paran (FIN)

  3. Kisa Tit I an ye? Tit I • Se yon sibvansyon federal ki bay lajan pou edikasyon • Bay distri lekòl yo fon siplemantè pou ede lekòl yo dapre estati sosyo ekonomik elèv yo pou ranpli objektif akademik yo • Ede nan nivo kapasite paran ak pwofesè • Ankouraje paran yo pou patisipe nan edikasyon pitit yo 

  4. Objektif Tit I Se pou asire tout timoun jwenn opòtinite pou yo resevwa yon bon kalite edikasyon epi atenn nivo preparasyon ak evalyasyon sou règleman akademik difisil eta a

  5. Finansman Tit I • Distri a distribiye sibvansyon federal Tit I an bay chak lekòl ki kalifye dapre kantite elèv ki kalifye pou manje gratis/apri redui • Lajan Tit I dwe yon sipleman pou fon distri a resevwa • Yo dwe depanse yon montan minimòm sibvansyon Tit I an nan patisipasyon fanmi ak devlopman pwofesyonèl • Paran yo gen dwa pou bay opinyon yo sou fason lekòl la itilize sibvansyon Tit I an

  6. Pwogram Tit I • Pwogram Tit I rejyon Palm Beach la se pwogram pou tout lekòl • Sèvi tout elèv nan lekòl la, men konsantre plis sou elèv ki gen pwoblèm akademik yo • Tout anplwaye, resous yo ak klas yo, tout fè pati pwogram jeneral tout lekòl la

  7. Plan/règleman pou patisipasyon fanmi • Chak lekòl Tit I dwe devlope ansanm ak paran yo, dakò epi distribiye ba yo yon plan/règleman patisipasyon fanmi alekri • Plan/règleman sou patisipasyon fanmi an dekri kòman lekòl la ap egzekite egzijans patisipasyon paran an ki gen ladan l devlopman kontra ant lekòl-paran

  8. Règleman/plan patisipasyon fanmi • Egzijans: • Adopte epi mete sou pye modèl pwogram patisipasyon paran • Bay paran yo enfòmasyon egzat osijè pwogram Tit I an • Angaje paran yo nan desizyon osijè kòman yo depanse fon Tit I ki rezève pou patisipasyon paran an

  9. Plan/règleman patisipasyon fanmi (suit egzijans yo) • Bay prèv gen kominikasyon kontinyèl ant lekòl la, fanmi yo, elèv yo, epi kominote a • Bay dokiman pou montre fanmi yo resevwa enfòmasyon ki tradui nan lang natifnatal yo

  10. Règleman/plan patisipasyon fanmi (suit egzijansyo) • Eksplike kourikoulòm lan, evalyasyon yo epi estanda minimòm pou elèv yo ranpli • Bay anplwaye ak paran yo trening sou yon varyete sijè ki adrese bezwen elèv ak paran pou sipòte patisipasyon fanmi, trening pou fè alfabetizasyon tou • Fè paran yo patisipe nan devlopman trening pou anplwaye epi bay paran yo fòmasyon pou yo fòme lòt paran • Ofri yon kantite reyinyon nan dat ak lè ki fleksib

  11. Règleman/plan patisipasyon fanmi • Kontwole kontinyèlman epi evalye estrateji règleman/plan patisipasyon fanmi an • Antreprann ansanm yon evalyasyon anyèl sou kontni ak efektivite règleman/plan patisipasyon fanmi nan lekòl la • Itilize rezilta evalyasyon an pou kreye epi revize estrateji pou rann patisipasyon paran pi efektif (suit egzijans yo

  12. Règleman/plan patisipasyon fanmi • Bay enfòmasyon sou fason lekòl la travay ak kominote a, volontè yo, epi asosye biznis yo pou ogmante nivo reyisit elèv yo • Devlope wòl pou òganizasyon kominote yo/ oswa biznis yo nan aktivite patisipasyon paran (suit egzijans yo

  13. Kontra ant lekòl-paran • Lekòl la dwe gen yon kontra lekòl-paran ke se pèsonèl lekòl la ak paran yo ki ekri l • Kontra a dwe defini responsablite elèv la, paran yo, epi anplwaye lekòl yo nan efò yo pou elve nivo reyisit elèv la • Yo dwe distribye kontra a nan konferans paran-pwofesè lekòl primè elemantè yo • Chak ane fanmi yo, elèv yo, epi pwofesè yo dwe revize epi siyen kontra a

  14. Dwa paran an pou l konnen • Paran yo gen dwa pou mande ak resevwa enfòmasyon egzat sou kalifikasyon pwofesyonèl pwofesè pitit yo • Yo dwe enfòme paran yo si pwofesè ki deziyen oswa k ap anseye pitit yo a pa ekstrèman kalifye apre kat oswa plis semèn konsekitif

  15. Dwa paran an pou l konnen • Y ap bay paran yo enfòmasyon sou nivo pwogrè pitit yo nan chak evelyasyon akademik eta a lalwa egzije • Enfòmasyon an dwe nan lang paran an kab konprann pi byen posib

  16. Rechèch montre… Kèlkeswa kondisyon sosyoekonomik yo, lè paran patisipe, elèv yo gen plis chans pou: • fè meyè nòt • fè meyè pwen • pase matyè yo • pase pou al nan klas siperyè • ale lekòl regilyèman • gen pi bon aptitid sosyal • kontinye edikasyon yo • adapte yo ak chanjman • gradye

  17. Kolaborasyon ant lekòl ak paran • Lekòl la travay ak paran yo pou fè sèten timoun yo fè pwogrè • Lekòl mete ansanm ak paran yo pou pran desizyon ki kab afekte edikasyon pitit yo • Kolaborasyon ant lekòl ak paran bati andedan komite konsèy lekòl la, komite konsèy paran Tit I Distri a ak komite desizyon lekòl la

  18. Kolaborasyon ant lekòl ak paran • Lekòl la bay paran yo opòtinite pou bay tan ak talan yo kòm volontè • Lekòl la ofri paran yo atelye fòmasyon, trening ak opòtinite reyinyon ant paran ak pwofesè

  19. Kolaborasyonant lekòl ak paran Lekòl la bay paran yo materyèl pou ede yo travay ak pitit yo. Gen kèk lekòl Tit I ki gen sal resous ki favorize paran yo kote yo kab jwenn materyèl.

  20. Kaye enfòmasyon paran • Disponib nan direksyon lekòl la • Revize enfòmasyon Tit I tankou Dwa paran an pou l konnen, kontra ant lekòl ak paran, règleman/plan patisipasyon fanmi ak plis ankò • Aprann osijè resous eta a ak distri a tankou PIRC (Sant resous enfòmasyon pou paran) ak règleman distri a

  21. Fanmi + lekòl = Siksè

More Related