1 / 18

Pwogram ESOL

Pwogram ESOL. Distri Eskolè Nan Conte Lee 2008-2011. Rezime Plan Distri a Pou El è v K Ap Aprann Angl è (ELL). I. Idantifikasyon elèv ESOL yo.

meadow
Télécharger la présentation

Pwogram ESOL

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. Pwogram ESOL Distri Eskolè Nan Conte Lee 2008-2011 Rezime Plan Distri a Pou Elèv K Ap Aprann Anglè(ELL)

  2. I. Idantifikasyon elèv ESOL yo • Etap 1. Lè paran enskri pitit yo, yo dwè endike si pitit yo pale oubyen konprann yon lang apa anglè. Paran yo ap konplete sondaj konsènan lang yo sèvi lakay la nan Sant pou plasman elèv.

  3. Etap 2. Nan lekòl la, elèv la pral fè yon evalyasyon pou konpetans an anglè (LAB) andann 20 jou depi premye jou li asiste lekòl la. • Daprè klas lekòl li a, elèv la gendwa fè evalyasyon nan pale/koute e/ou lekti/ekriti. • Yon ransantil a 32 oubyen pi ba pase sa nan kenenpòt souseksyon endike yon defisit an anglè, poutètsa elèv la plase nan pwogram ESOL la. • Lè sa a, n ap notifye paran yo.

  4. Note: Se posib pou yon elèv pase evalyasyon LAB la, men toujou moutre difikilte nan lang anglè a. • Nan ka sila a, yon elèv gendwa resevwa sèvis nan men pwogram ESOL la daprè yon desizyon ki fèt pa konmite ELL la (yon gwoup ki konprann pwofesè, konseye lekòl, edikatè ESOL yo ak paran yo).

  5. II. Pwogram enstriksyonèl • Lòt resous siplemantè – anpil lekòl sèvi ak pwogram espesyal sou òdinatè, parapwofesyonèl ESOL, aparèy pou tradiksyon, elatriye.

  6. Enklizyon ak estrateji ESOL yo • Yon pwofesè sètifye founi enstriksyon konpreyansib avèk ou san èd yon parapwofesyonèl bileng. • Elèv yo enkli nan klas òdinè yo. Gen kèk klas sou modèl sila a ki sèvi ak regwoupman elèv ELL yo.

  7. Klas otonòm • Yon pwofesè ESOL sètifye founi enstriksyon pou yon klas ki gen sèlman elèv ELL yo. Konsa, li ka pi byen adrese bezwen langaj ak kontni. • Distri nou gen Sant entènasyonal yo sitye nan zòn lekòl sid, lwès ak lès. Note: Lòt resous siplemantè – anpil lekòl sèvi ak pwogram espesyal sou òdinatè, parapwofesyonèl ESOL, aparèy pou tradiksyon, elatriye.

  8. Aksè egalego • Elèv ESOL yo gen dwa patisipe plènman nan tout klas ak pwogram lekòl ofri si yo kalifye, kelkeswa konpetans yo an anglè. • Sa enkli pwogram ESE, klas avanse, klas avèk distenksyon, klas pou elèv douwe, klas vokasyonèl ak lekòl espesyalize, elatriye.

  9. III. Egzamen egzije pa Leta • Tout elèv ESOL yo egzije konpoze nan Egzamen evalyasyon global Florid la (FCAT). Elèv ki nan pwogram nan pou mwens pase dezan, gen dwa yon dispans nan double twazyèm ane si yo moutre yon nivo pèfòmans ki egalego ak twazyèm ane nan lang matènèl yo a. Elèv ki pale espayòl sèvi osi ak tès APRENDA a. Tout elèv ESOL yo ki fè evalyasyon Leta yo gendwa resevwa akomodasyon swivan yo:

  10. Akomodasyon: • Tan siplemantè • Chanjman anviwonnman si yo dezire • Aksè ak yon moun ki pale lang yo si disponib • Yon diksyonè bileng si yo dezire

  11. IV. Sòti nan pwogram ESOL • Evalyasyon CELLA (Evalyasyon global pou moun k ap aprann anglè) sèvi kòm zouti pou sòti tout elèv nan pwogram ESOL la lè yo resevwa yon nivo 3 nan FCAT la. • Elèv ki antre nan pwogram nan daprè yon desizyon konmite ELL la dwè osi sòti pa yon desizyon konmite a. • Yon elèv ESE, kote enfimite anpeche li pase yon e/ou lòt tès, gendwa osi sòti daprè yon desizyon konmite ELL la. • Paran resevwa notifikasyon lè elèv sòti nan pwogram ESOL la.

  12. V. Pwosedi pou veye elèv ki sòti nan pwogram nan • Lekòl la dwè veye tout elèv ki sòti nan pwogram ESOL la pou dezan depi dat yo sòti a. • Lekòl la ap revize kanè elèv yo. Si kanè a moutre yon nòt ki pa satisfezan, lekòl la dwè konvoke yon konmite ELL pou detèminen si nòt la rezilte de yon pwoblèm ak lang anglè a. • Si konmite a dekouvri ke se poutèt lang lan, elèv la gendwa rantre nan pwogram nan. • Lekòl la ap envite paran vini nan tout reyinyon konmite ELL yo, lòfini l apenfòme paran yo si pitit yo rantre nan pwogram nan.

  13. VI. Notifikasyon konsènan dwa paran ak elèv • Lè se posib, distri eskolè a founi konkou bay paran elèv ELL yo nan lang matènèl yo lè y ap enskri pitit yo, nan reyinyon konmite ELL yo, epitou nan konferans paran/pwofesè yo.

  14. Lekòl la pral notifye paran yo konsènan: • Enfòmasyon sou evalyasyon ak plasman nan pwogram yo • Opsyon nan modèl enstriksyon • Akomodasyon pou evalyasyon Leta yo • Akomodasyon pou evalyasyon Leta yo • Pwosedi pou redouble yon ane, ratrapaj, sòti, reklasifikasyon ak ankadreman

  15. Paran-dirijan (PLC) • Lekòl la pral enfòme paran yo konsènan opòtinite pou reyini ak Konsèy konsiltatif paran-dirijan (PLC) pou pale sou kijan nou ka amelyore pwogram ESOL la. • En plis, lekòl la pral voye ba medya a enfòmasyon konsènan pwogrè anyèl sifizan (AYP) pou lekòl la. Kipizèt, • lekòl la pibliye rezilta sila yo nan bilten pou paran epi li endike kikote paran yo ka jwenn plis enfòmasyon

  16. Lang matènèl la: • Distri eskolè a pa gen dwa mennen yon mezi disiplinè kont yon elèv sèlman poutèt li sèvi ak lang matènèl ou lang eritaj li a. • Okontrè, distri a ankouraje elèv yo sèvi ak lang eritaj yo nan sal klas la pou klarifye kontni akademik la epitou pou metrize konpetans yo. • Pwofesè yo gendwa ankouraje elèv yo sèvi ak anglè an toutan, men sèlman jis tèl pwen elèv la konfòtab. • Elèv yo poutan gen dwa sijè a mezi disiplinè si yo pa okipe regleman klas la ou lekòl la (yo pale twò fò, pale lè se pa apwopriye, yo fè frekan, oubyen yo sèvi ak gwo mo nan kenenpòt lang). • Nan ka sila yo, mezi disiplinè baze sou konpòtman elèv la, pito pase sou lang elèv la itilize oubyen pale.

  17. VII. Fòmasyon pèsonèl la • Pwofesè ki anseye klas opsyon ou eksploratwa bezwen yon fòmasyon nan ESOL ki dire 18 è. • Pwofesè ki anseye matyè akademik, konseye lekòl ak administratè bezwen yon total 60 è fòmasyon. • Tout pwofesè ki anseye lang ak liteyati/anglè dwè fè yon fòmasyon ki dire 300 è, oswa 15 è semestriyèl. • Parapwofesyonèl ki travay nan pwogram ESOL la dwè konplete yon fòmasyon 18 è. • Lè yon lekòl gen 15 elèv ELL ou plis ki pale yon menm lang, yon parapwofesyonèl ESOL pral asiste pwofesè ki anseye matyè prensipal yo pou yo founi enstriksyon ki konpreyansib.

  18. Si ou gen plis keksyon toujou Tanpri kontakte: Distri eskolè nan konte Lee Depatman pou pwogram entèvansyon -ESOL 2855 Colonial Boulevard Fort Myers, Florida 33966-1012

More Related