1 / 38

FANMI YO AK TIT I

FANMI YO AK TIT I. Reyinyon anyèl. Konvoke yon reyinyon anyèl pou eksplike: Pwogram tit I an Plan/règleman sou patisipasyon fanmi Tèt ansanm ant lekòl la ak paran Dwa paran an pou l enfòme. Kisa Tit I an vle di?.

maja
Télécharger la présentation

FANMI YO AK TIT I

An Image/Link below is provided (as is) to download presentation Download Policy: Content on the Website is provided to you AS IS for your information and personal use and may not be sold / licensed / shared on other websites without getting consent from its author. Content is provided to you AS IS for your information and personal use only. Download presentation by click this link. While downloading, if for some reason you are not able to download a presentation, the publisher may have deleted the file from their server. During download, if you can't get a presentation, the file might be deleted by the publisher.

E N D

Presentation Transcript


  1. FANMI YO AK TIT I

  2. Reyinyon anyèl • Konvoke yon reyinyon anyèl pou eksplike: • Pwogram tit I an • Plan/règleman sou patisipasyon fanmi • Tèt ansanm ant lekòl la ak paran • Dwa paran an pou l enfòme

  3. Kisa Tit I an vle di? • Tit I an se yon sibvansyon Federal ki bay lekòl ki kalifye asistans ekonomik daprè estati sosyo ekonomik elèv yo • lajan pwogram tit I dwe ranfòse fon distri a • Yon pòsyon nan fon pwogram tit I an dwe depanse pou ankouraje patissipasyon Paran yo

  4. Tit I Tout lekòl tit I distri a se yon pwogram nan tout lekòl Pwogram nan tout lekòl: • Sèvi tout elèv nan lekòl yo, men li rekòmande yon pryorite espesyal pou elèv ki fè eskò pi ba yo • Tout mann komite, resous ak klas yo fè pati ansanm pwogram nan tout lekòl yo

  5. Objektif pwogram Tit I: • Se pou asire ke tout timoun yo jwenn opòtinite pou yo resevwa yon bòn kalite edikasyon epi atenn nivo preparasyon ak evalyasyon sou règleman akademik difisl eta a

  6. Rechèch montre… Kèlkeswa nivo ekonomik sosyal elèv la, lè Paran yo patisipe, li vin pi fasil pou elèv yo: • fè pi bon nòt • resevwa pi bon rezilta tès • pase klas yo • monte nan lòt nivo • ale lekòl regilyèman • genyen pi bon konesans sosyal • kontinye edikasyon yo • adapte yo ak chanjman • gradye

  7. Asosyasyon paran ak lekòl • Lekòl la travay avèk paran yo pou asire siksè timoun nan. • Lekòl la ak paran yo pran desizyon ki afekte edikasyon timoun nan • Lekòl la ak asosyasyon paran pran nesans nan komite konsèy lekòl la, Komite konsiltatif distri a pou tit I ak komite ki fè desizyon pou lekòl la

  8. Asosyasyon lekòl ak paran • Lekòl la bay paran yo opòtinite pou yo ofri tan ak talan yo nan sèvis volontè • Lekòl la òganize seminè, resiklaj ak konferans pou paran/pwofesè yo

  9. Asosyasyon paran ak lekòl la Lekòl yo ap bay materyèl k ap ede paran yo travay avèk timoun yo. Genyen kèk lekòl tit I ki mete yon sal resous aladispozisyon paran yo pou pèmèt yo chwazi materyèl.

  10. Plan/règlemansou patisipasyon fanmi • Chak lekòl tit I dwe mache koudakoud, antann yo, epi distribye bay paran yo yon plan/règleman ekri sou patisipasyon fanmi • Plan/règleman sou patisipasyon fanmi dekri kòman lekòl la dirije règleman sou patisipasyon paran ki gen ladann tou devlopman yon kontra ant Paran ak lekòl

  11. Plan/règleman sou patisipasyon Fanmi Men kèk kondisyon sou plan/règleman patisipasyon Fanmi: • Bay paran yo enfòmasyon atan osijè pwogram tit I an, eksplike plan pwogram nan, evalyasyon elèv yo ak minimòm kritè obligatwa pou elèv yo rankontre • prezante yon kantite rankont fleksib • Enplike paran yo nan desizyon ki pran sou kòman yo depanse fon ki rezève pou patisipasyon paran yo

  12. Plan/règleman sou patisipasyon Fanmi (kondisyon yo ap kontinye) • Bay dokiman pou montre yo te tradwi enfòmasyon yo nan lang natif natal fanmi a • Montre evidans sou kominikasyon kontinyèl ant lekòl, fanmi, elèv ak kominote a • Bay enfòmasyon sou kòman lekòl la travay avèk kominote a, volontè, ak asosye dafè pou ogmante reyalizasyon elèv yo avèk enfòmasyon sou chwa metye

  13. Plan/règleman sou patisipasyon fanmi (kondisyon yo ap kontinye) • Avèk patisipasyon paran yo, nou fè ansanm, yon evalyasyon anyèl sou kontni ak efikasite plan/règleman patisipasyon fanmi nan lekòl yo • Itilize rezilta evalyasyon an pou prepare estrateji pi efikas pou patisipasyon paran yo, epi revize, sil nesesè, plan/règleman sou patisipasypn paran nan lekòl.

  14. Plan/règleman sou patisipasyon fanmi School can place a sample of their Family Involvement Policy/Plan here

  15. Kontra ant Paran ak lekòl • Lekòl ou a dwe genyen yon kontra ekri ant paran epi pèsonèl lekòl la. • Kontra a tabli responsablite elèv, paran ak mann komite lekòl la nan fè anpil jefò pou ogmante pwogrè elèv yo. • Se fanmi, elèv ak pwofesè a ki dwe revize epi siyen kontra a

  16. Kontra ant lekòl ak paran School can place a sample of their School-Parent Compact here

  17. Dwa pou paran an konnen • Paran yo genyen dwa pou yo poze kesyon epi resevwa enfòmasyon alè sou kalifikasyon pwofesyonèl pwofesè pitit yo • Yo dwe avize paran yo si yo bay pitit yo pwofesè ki pa twò kalifye anseye pandan kat semèn konsekitif oswa plis

  18. Dwa pou paran an konnen • Yap founi paran yo enfòmasyon sou nivo reyalizasyon piti yo nan chak evalyasyon akademik leta selon lalwa • Kominikasyon sa yo fèt nan lang paran yo kapab Konprann.

  19. Paran + Lekòl = Siksè

  20. Konsekans federal pou lè w pa fè pwogrè anyèl adekwa (AYP)

  21. Pwogrè federal anyèl adekwa (AYP) Mezire konpetans tout elèv nan lekti, matematik, epi konpozisyon Mezire pousantaj gradyasyon Lekòl la dwe resevwa eskò “C” oswa pi meyè Si yon lekòl Tit I pa reyalize AYP nan tout matyè ak tout sougwoup yo, konsekans yo ap aplike 21

  22. Konpetans ki sible pou AYP Chak ane yo pou ogmante konpetans ki sible yo 22

  23. Pwogrè federal anyèl adekwa (AYP) NCLB egzije tout lekòl yo pou yo mezire pwogrè anyèl adekwa yo (AYP) Tout lekòl piblik resevwa eskò AYP Lekòl ki pa-Tit I Lekòl Tit I Lekòl semi-prive AYP mezire pwogrè nèf sougwoup 23

  24. Men nèf Sougwoup yo Total elèv yo Blan Nwa Panyòl Azyatik Endyen Ameriken Elèv ki ekonomikman dezavantaje Elèv ak konpetans limite nan angle (ELL) Elèv ak andikap (SWD) 24

  25. Pa gen pwogrè anyèl adekwa (NAYP) Tout lekòl resevwa yon eskò AYP Anba lwa Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè a (NCLB), sèlman lekòl Tit I ap resevwa konsekans si yo pa ranpli egzijans AYP “Lekòl ki Nan Bezwen Pou Amelyorasyon” (SINI) apre 2 ane NAYP 25

  26. Pwogrè anyèl adekwa (AYP) AYP a detèmine ki lekòl Tit I ak elèv ki kalifye pou opsyon chwa NCLB (Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè). 26

  27. Rapò pwogrè anyèl adekwa (AYP) Insert your school’s AYP report 27

  28. Konsekans Federal lè w pa ranpli egzijans AYP (NAYP). *Konsekans yo kimilatif. Menm konsekans yo aplike chak ane, plis nouvèl konsekans yo ajoute 28

  29. Opsyon chwa NCLB pou tout lekòl SINI yo Y ap ofri tout paran elèv ki nan lekòl Tit I ki pa fè AYP pou de (2) oswa plis ane chwa pou edikasyon pitit yo. 29

  30. Aksyon korektif - SINI 3 Ranplase estaf lekòl la ki lakoz fayit pou fè AYP Tabli nouvo kourikoulòm Diminye otorite ekip k ap administre lekòl la Pwolonje ane lekòl la oswa jou lekòl yo Restriktire òganizasyon entèn lekòl la Pwogram NCLB (Okenn Timoun Pa Dwe Rete Dèyè) a dikte youn oswa plis nan opsyon apre yo: 30

  31. Plan pou restriktirasyon - SINI 4 Pwogram NCLB (Okenn Timoun Pa dwe Rete Dèyè) a dikte youn oswa plis nan opsyon apre yo pou restriktirasyon: • Reouvri lekòl la kòm yon lekòl semi prive • Ranplase estaf lekòl la, ki gen ladan l direktè a tou • Pran kontra ak yon antite prive • Kite eta a pran chaj • Lòt refòm restriktirasyon majè 31

  32. Restriktirasyon - SINI 5 Enplimante plan ki prepare a pandan lekòl la se yon SINI 4 NCLB (Okenn Timoun pa dwe Rete Dèyè) dikte youn oswa plis nan opsyon pou restriktirasyon apre yo: • Reouvri lekòl la kòm yon lekòl semi prive • Ranplase estaf lekòl la, ki gen ladan direktè a tou • Pran kontra ak yon antite prive • Kite eta a pran chaj • Lòt refòm restriktirasyon majè 32

  33. Restriktirasyon - SINI 6 ak 7 Kontinye enplimante plan pou restriktirasyon an 33

  34. De(2) sistèm responsablite Sistèm eta Responsablite yo diferansye – eskò lekòl la + AYP Sistèm Federal NCLB (Okenn Timoun pa Dwe Rete Dèyè) - AYP 34

  35. Gen de (2) sistèm responsablite Sistèm Federal la Okenn Timoun PA Dwe Rete Dèyè Sistèm eta a Kote responsablite yo diferansye 35

  36. Plan responsablite diferansye (DA) Florid la 36

  37. Plan responsablite diferansye (DA) pou eta Florid la 37

  38. Diskite kategori DA lekòl ou a epi plan entèvansyon distri a Plan responsablite diferansye (DA) pou eta Florid la Translated by the Creole Translation Team of the Multicultural Education Department School District of Palm Beach County -August 20097- SY091174 - Phone (561) 434-8620 38

More Related